Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 10

Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te 1anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a. Epi yo tout te 2batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a; e yo tout 3te manje menm manje lespri a. Yo tout 4te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la. Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa 5yo te mouri nan dezè a.

Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan 6yo menm te gen move lanvi a. Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: 7“Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.” Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e 8venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou. Ni nou pa pou tante Senyè a, jan9kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo 10te detwi pa destriktè a. Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. 11Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a 12fen tan yo gen tan fin parèt. Konsa, kite sila ki 13panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.

Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men 14Bondye fidèl. Li p ap kite nou 15tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

Konsa, byeneme m yo, sove kite 16idolatri. Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a. Lè nou 17 beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? Paske gen yon sèl pen, nou menm 18ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen. Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki 19manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?

Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa 20ke yon zidòl se yon bagay? Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo 21sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab. 22

Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. Oubyen èske nou 23pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou 24pi fò pase Li? 25

Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki 26edifye. Pa kite nou 27 chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 28Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 29“Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” Si 30youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale 31manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè a, ak tout sa ki ranpli l.” Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske 32poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen 33bay remèsiman?

Alò, konsa 34si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 35Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.

Menm jan ke mwen osi 36fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.

Source notes (36)
  1. Cross-reference Egz 13:21
  2. Cross-reference Wo 6:3
  3. Cross-reference Egz 16:4,35
  4. Cross-reference Egz 17:6
  5. Cross-reference Nonb 14:29,37
  6. Cross-reference Nonb 11:4,34
  7. Cross-reference Egz 32:6
  8. Cross-reference Nonb 25:9
  9. Cross-reference Nonb 21:5
  10. Cross-reference Nonb 16:49
  11. Cross-reference Wo 4:23
  12. Cross-reference Wo 13:11
  13. Cross-reference Wo 11:20
  14. Cross-reference I Kor 1:9
  15. Cross-reference II Pi 2:9
  16. Cross-reference I Kor 10:7,19
  17. Cross-reference Mat 26:27
  18. Cross-reference Wo 12:5
  19. Cross-reference Lev 7:6,14
  20. Cross-reference I Kor 8:4
  21. Cross-reference Det 32:17
  22. Cross-reference II Kor 6:16
  23. Cross-reference Det 32:21
  24. Cross-reference Ekl 6:10
  25. Cross-reference I Kor 6:12
  26. Cross-reference Wo 14:19
  27. Cross-reference Wo 15:2
  28. Cross-reference Trav 10:15
  29. Cross-reference Sòm 24:1
  30. Cross-reference I Kor 5:10
  31. Cross-reference Luc 10:8
  32. Cross-reference Wo 14:16
  33. Cross-reference Wo 14:6
  34. Cross-reference Kol 3:17
  35. Cross-reference Trav 24:16
  36. Cross-reference Wo 15:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.