Bib Sen An
I Kwonik Yo 5
Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz 1li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan. Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e 2soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph), fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi. Fis a Joël yo: Schemaeja, fis pa li a, Gog, fis pa li a; Schimeï, fis pa li a; Michée, fis pa li a; Reaja, fis pa li a; Baal, fis pa li a. Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo. Fanmi a Beéra yo, selon fanmi pa yo, 3nan istwa zansèt yo te Jeiel, chèf la ak Zechariah. Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e tèritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon; nan lès, li te rete jis rive nan antre dezè a soti nan rivyè Euphrate la, 4akoz bèt pa yo te tèlman ogmante nan peyi Galaad la.
Nan jou a Saül yo, 5yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout tèritwa lès a Galaad la.
Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi 6Basan an jis rive Salca. Joël te chèf e Schapham te dezyèm nan ak Jaenaï avèk Schaphath nan Basan. Fanmi pa yo selon lakay papa yo: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Zia ak Éber, sèt antou. Sila yo se te fis a Abichaïl yo, fis a Huri a, fis a Jaroach la, fis a Galaad la, fis a Micaël la, fis a Jeschischaï a, fis a Jachdo a, fis a Buz la; Achi, fis a Abdiel la, fis a Guni a, tèt lakay papa yo. Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout tèren patiraj yo nan 7Saron jis rive nan limit lizyè pa yo. Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a 8Jotham yo, wa Juda a ak nan jou 9Jéroboam yo, wa Israël.
Fis a Ruben yo ak Gadit yo avèk mwatye Manassé yo, mesye a gwo kouraj yo, mesye ki te pote boukliye avèk nepe yo, te tire avèk banza e yo te fò nan batay, karant-kat-mil-sèt-san-swasant moun ki te 10ale nan gè a. Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, 11Jethur, Naphisch ak Nodab. Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske 12yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li. Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm. Paske anpil moun te mouri, akoz 13lagè a te sòti nan Bondye. Epi yo te vin rete nan plas pa yo jis rive nan lè egzil la.
Alò, fis a mwatye tribi Manassé yo te rete nan peyi a; soti nan Bashan jis rive nan Baal-Hermon avèk 14Senir e Mòn Hermon yo te anpil. Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo. Men yo te 15aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a. Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a 16Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser la, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan an, kote yo rete menm jis rive jodi a.
Source notes (16)
- Cross-reference Jen 35:22
- Cross-reference Mi 5:2
- Cross-reference I Kwo 5:17
- Cross-reference Jos 22:8-9
- Cross-reference I Kwo 5:18-21
- Cross-reference Jos 13:11
- Cross-reference És 35:2
- Cross-reference II Wa 15:5-32
- Cross-reference II Wa 14:16-28
- Cross-reference Nonb 1:3
- Cross-reference Jen 25:15
- Cross-reference II Kwo 14:11-13
- Cross-reference Jos 23:10
- Cross-reference Det 3:9
- Cross-reference Det 32:15-18
- Cross-reference II Wa 15:19-20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.