Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 3

1

Alò, sila yo se te fis a David ke li te fè Hébron yo. Premye ne a, Amnon, pa Achinoam ak Jizreel; dezyèm nan, Daniel ak Abigaïl, moun Carmel la; Twazyèm nan, Absalom, fis a Maaca a, fi a Talmaï a, wa Gueschur a; katriyèm nan, Adonija, fis a Haggith la; senkyèm nan, Schephatia, pa Abithai; sizyèm nan, Jithream pa Élga, madanm li. Se sis ki te fèt a li Hébron. 2La, li te renye pandan setan si mwa e li te renye pandan trann-twazan Jérusalem. Men sila ki te fèt a li Jérusalem yo: Schimea, Schobab, Nathan avèk Salomon, kat pa Bath-Schua, fi a Ammiel la; avèk Jibhar, Élischama, Éliphéleth, Noga, Népheg, Japhia, Élischama, Éliada avèk Éliphéleth, nèf. Tout sila yo se fis a David, anplis, fis a ti mennaj li yo; epi 3Tamar te sè li.

Fis a Salomon an: Roboam. Abijah, fis pa li a; Asa, fis pa li a; Josaphat, fis pa li a; Joram, fis pa li a; Achazia, fis pa li a; Joas, fis pa li a; Amatsia, fis pa li a: Azaria, fis pa li a; Jotham, fis pa li a; Achaz, fis pa li a; Ézéchias, fis pa li a; Manassé, fis pa li a; Amon, fis pa li a; Josias, fis pa li a. Fis a Josias yo: Jochanan, premye ne a; dezyèm nan, Jojakim; twazyèm nan, Sédécias; katriyèm nan, Schallum. Fis a Jojakim yo: Jéconias, fis li a, avèk Zedekiah, fis li a. Fis a Jéconias yo, prizonye a: Schealthiel, fis li a, epi Malkiram, Pedaja, Schénatsar, Jekamia, Hoschama ak Nedabia. Fis a Pedaja yo: Zorobabel avèk Schimeï. Fis a Zorobabel yo: Meschullam avèk Hanania; epi Schelomith, sè pa yo; avèk Haschuba, Ohel, Bérékia, Hasadia, Juschab-Hésed, senk. Fis a Hanaja yo: Pelathia avèk Ésaïe; fis a Rephaja yo, fis a Arnan yo, fis a Abdias yo, fis a Schecania yo. Desandan a Schecania yo se te Schemaeja ak fis a Schemaeja yo, Hattusch, Jigueal, Bariach, Nearia ak Schaphath, sis. Fis a Nearia yo: Eljoénaï, Ézéchias ak Azrikam, twa. Fis a Eljoénaï yo: Hodavia, Éliaschib, Pelaja, Akkub, Jochanan, Delaja ak Anani, sèt.

Source notes (3)
  1. Cross-reference II Sam 3:2-5
  2. Cross-reference II Sam 5:4-5
  3. Cross-reference II Sam 13:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.