Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 26

Pou divizyon gadyen pòtay yo, te gen nan Koreyit yo; Meschélémia, fis a Koré a, fis a Asaph yo. Meschélémia te gen fis: Zacharie, premye ne a, Jediaël, dezyèm nan, Zebadia, twazyèm nan, Jathiel, katriyèm nan, Élam, senkyèm nan, Jochanan, sizyèm nan, Eljoénaï, setyèm nan. Obed-Édom te gen fis: Schemaeja, premye ne a, Jozabad, dezyèm nan, Joach, twazyèm nan, Sacar, katriyèm nan, Nethaneel, senkyèm nan, Ammiel, sizyèm nan, Issacar, setyèm nan, Peulthaï, uityèm nan; paske Bondye te vrèman beni li. Anplis, a fis li, Schemaeja, te ne fis ki te renye sou lakay papa yo; paske yo te mesye pwisan ak gwo kouraj. Fis a Schemaeja yo: Othni, Rephaël, Obed, Elzabad, avèk frè pa yo Élihu ak Semaeja ki te mesye ak gwo kouraj. Tout nan sila yo, se te fis a Obed-Édom; yo menm avèk fis pa yo ak fanmi yo te mesye ak gwo kapasite, avèk fòs pou sèvis; swasann-de mesye ki sòti Obed-Édom. Fis a Meschélémia yo, mesye plen ak kouraj te kontwole diz-uit mesye. Anplis, Hosa, nan fis a Merari yo te fè fis: Schimri, premye a (malgre li pa t ne premyèman, men papa li te fè l premye), Hilkija, dezyèm nan, Thebalia, twazyèm nan, Zacharie, katriyèm nan. Tout fis yo avèk fanmi a Hosa yo te trèz mesye.

Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a. 1Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay. Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò. Pou Obed-Édom li te tonbe vè sid e a fis li yo, te ale chanm depo yo. Pou Schuppm avèk Hosa, li te tonbe kote lwès, akote pòt Schalléketh la, vè chemen monte a. Yo te pozisyone gad anfas gad. Sou lès la, te gen sis Levit; nan nò a, kat chak jou e nan chanm depo yo, de pa de yon kote apa. Nan katye bati sou kote lwès la, te gen kat sou gran chemen an e de nan katye a menm. Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.

Levit yo avèk fanmi pa yo te gen 2chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo. Fis a Laedan yo, fis a Gèshonit yo, ki apatyen a Laedan, chèf lakay zansèt pa yo ki te rele Jehiéli, te tèt lakay zansèt pa yo ki te pou Laedan, Gèshonit lan. Fis a Jehiéli yo, Zetham avèk Joël, frè li a, ki te an chaj trezò lakay SENYÈ a. Pou Amramit yo, Jitsearit yo, Ebwonit avèk Izyelit yo, Schebuel, fis a Guerschom an, fis a Moïse la te ofisye sou trezò yo. Fanmi li pa Éliézer te Rechabia, fis li a, Ésaïe, fis li a, Joram, fis li a, Zicri, fis li a ak Schelomith, fis li a. Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre 3ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye. Yo te dedye yon pati nan piyaj ki te sezi nan gè yo pou repare lakay SENYÈ a. Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.

Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo 4te anplwaye pou zafè andeyò kon 5majistra ak jij an Israël. Pou Ebwonit yo, 6Haschavbia avèk fanmi li, mil-sèt-san mesye ak kapasite, ki te an chaj tout zafè Israël yo nan lwès a Jourdain an, pou tout sèvis SENYÈ a ak sèvis wa a. Pou Ebwonit yo, Jerija, chèf la, (Ebwonit sila yo te envestige selon listwa fanmi avèk zansèt pa yo, nan karantyèm ane nan règn David la e mesye ak kapasite siperyè yo te twouve pami yo kote Jaezer nan Galaad). Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé 7pou tout zafè Bondye avèk wa a.

Source notes (7)
  1. Cross-reference I Kwo 24:5-31
  2. Cross-reference I Kwo 26:22-26
  3. Cross-reference II Sam 8:11
  4. Cross-reference Né 11:16
  5. Cross-reference I Kwo 23:4
  6. Cross-reference I Kwo 27:17
  7. Cross-reference II Kwo 19:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.