Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 16

Yo te pote lach Bondye a e te 1plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye. Lè David te fin fè ofrann brile ak ofrann lapè a, li te beni pèp la nan non a SENYÈ a. Li te separe bay a chak moun Israël, ni gason, ni fanm, yo chak yon pen avèk yon pòsyon vyann ak yon gato rezen.

Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la: Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo, epi Benaja avèk Jachaziel, prèt ki t ap soufle twonpèt san rete yo devan lach akò Bondye a.

Alò, se te nan jou sa a, David te 2 chwazi pou premye fwa a, Asaph avèk fanmi li pou bay remèsiman a SENYÈ a.

O bay remèsiman a SENYÈ a.

Rele non Li.

Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.

Chante a Li menm.

Chante lwanj a Li menm.

Pale tout mèvèy Li yo.

Bay glwa a sen non Li.

Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a

vin ranpli ak jwa. 3

Chache SENYÈ a avèk fòs Li.

Chache figi Li san rete. 4

Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo, 5

mèvèy Li yo ak jijman,

ki sòti depi nan bouch Li,

O desandan Israël, sèvitè Li yo,

fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!

Li se SENYÈ a, Bondye nou an. 6

Jijman pa Li yo sou tout latè.

Sonje akò Li a pou tout tan,

Pawòl ke Li te kòmande a

mil jenerasyon yo, 7

akò ke li te fè avèk

Abraham nan,

sèman an ke Li te fè avèk Isaac la. 8

Li te konfime sa ak Jacob kon yon règleman,

A Israël, kon yon akò ki pou tout tan,

epi te di: 9“A ou menm, Mwen va bay

peyi Canaan an kon pòsyon eritaj pa w.” 10

Pandan yo te piti an nonb, trè piti

e etranje, yo nan li,

yo te mache toupatou

nan yon nasyon a yon lòt,

sòti nan yon wayòm

pou rive nan yon lòt pèp.

Li pa t kite okenn moun oprime yo. 11

Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.

Li te di 12“Pa touche onksyone pa M yo,

ni pa fè mal a pwofèt Mwen yo.”

Chante a SENYÈ a, tout latè! 13

Pwoklame bòn nouvèl delivrans Li jou apre jou.

Pale glwa Li pami nasyon yo,

gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

Paske 14gran se SENYÈ a,

e gran pou resevwa lwanj yo.

Anplis, 15fòk nou gen lakrent Li

plis pase tout lòt dye yo.

Paske tout dye a pèp yo

se zidòl yo ye,

men SENYÈ a te fè syèl yo.

Tout richès avèk majeste devan Li.

Lafòs ak lajwa lakay Li.

Bay a SENYÈ a,

O tout fanmi yo ak tout pèp yo,

bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!

Bay a SENYÈ a glwa ke non Li dwe genyen an.

Pote lofrann yo vini devan L. 16

Adore SENYÈ a avèk tout bagay sen yo.

Tranble devan Li, tout latè.

Anverite, lemond etabli byen solid.

Li p ap deplase menm.

Kite syèl yo kontan e

kite lemond rejwi: 17

Kite lanmè a fè gwo bwi,

avèk tout sa ki ladann!

Kite chan an ranpli ak jwa,

ak tout sa ki ladann!

Konsa, tout bwa forè yo

va chante avèk jwa devan SENYÈ a.

Paske L ap vini pou jije latè. 18

O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

paske lanmou dous Li a se pou tout tan. 19

Di: “Sove nou,

O Bondye a delivrans nou an!

Ranmase nou pou sove nou soti nan nasyon yo,

pou bay remèsiman a non sen pa W la,

pou nou triyonfe nan lwanj Ou.” 20

Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

Pou letènite, jis rive nan letènite a.

Tout pèp la te di: “Amen” e te louwe SENYÈ a.

Konsa, li te kite21Asaph avèk fanmi li la devan lach akò SENYÈ a pou fè sèvis devan lach la tout tan, kon travay chak jou te egzije a; epi 22Obed-Édom avèk swasant-tuit manm fanmi li; Obed-Édom e anplis fis a Jedithun lan, avèk Hosa kon gadyen pòtay yo, Li te kite 23Tsadok, prèt la avèk fanmi pa li yo devan 24tabènak SENYÈ a nan wo plas ki te Gabaon an, pou ofri ofrann brile yo a SENYÈ a sou lotèl ofrann brile a tout tan, ni maten, ni aswè, jis selon tout sa ki ekri nan lalwa SENYÈ a, ke Li te kòmande Israël yo. Avèk yo, te 25Héman, Jeduthun ak 26lòt ki te dezinye pa non yo, pou bay remèsiman a SENYÈ a, akoz lanmou dous li an san fen. Epi avèk yo, te Héman ak Jeduthun avèk twonpèt avèk senbal pou sila ki te gen pou fè enstriman retantisan pou 27chan Bondye yo e fis a Jeduthun yo, pou pòtay la. 28Epi tout pèp la te pati, yo chak lakay yo e David te retounen pou beni lakay pa li a.

Source notes (28)
  1. Cross-reference I Kwo 15:1
  2. Cross-reference II Sam 22:1
  3. Cross-reference Sòm 24:6
  4. Cross-reference Sòm 103:2
  5. Cross-reference Sòm 78:43-68
  6. Cross-reference Sòm 48:10
  7. Cross-reference Jen 12:7
  8. Cross-reference Jen 35:11-12
  9. Cross-reference Jen 13:15
  10. Cross-reference Jen 34:30
  11. Cross-reference Jen 12:17
  12. Cross-reference Jen 20:7
  13. Cross-reference Sòm 96:1-13
  14. Cross-reference Sòm 144:3-6
  15. Cross-reference Sòm 89:7
  16. Cross-reference Sòm 29:2
  17. Cross-reference Sòm 98:7
  18. Cross-reference Sòm 106:1
  19. Cross-reference Sòm 106:47-48
  20. Cross-reference I Wa 8:15-56
  21. Cross-reference II Kwo 8:14
  22. Cross-reference I Kwo 13:14
  23. Cross-reference I Kwo 15:11
  24. Cross-reference I Wa 3:4
  25. Cross-reference I Kwo 6:33
  26. Cross-reference I Kwo 25:1-6
  27. Cross-reference I Kwo 25:7
  28. Cross-reference II Sam 6:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.