Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 10

Alò, Filisten yo te goumen kont Israël; epi mesye Israël yo te sove ale devan Filisten yo e te mouri sou Mòn Guilboa. Filisten yo te kouri prese dèyè Saül avèk fis li yo, e Filisten yo te touye Jonathan, Abinadab ak Malki-Schua, fis a Saül yo. Batay la te vin rèd kont Saül e ekip banza yo te rive sou li. Konsa li te blese pa ekip banza yo. Alò, Saül te di a sila ki te pote zam li yo: “Rale nepe ou e frennen m nèt avè l pou ensikonsi sila yo pa vin abize mwen.”

Men pòtè zam li yo pa t fè l, paske li te krent anpil. 1Pou sa, Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. Lè pòtè zam li an te wè ke li te mouri, li menm tou te tonbe sou nepe li e te mouri. Konsa, Saul te mouri avèk twa fis li yo, e tout lakay li te mouri ansanm. Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.

Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a. 2Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la. Yo te mete zam avèk boukliye li yo lakay dye pa yo e te tache kole tèt li lakay Dagon an. Lè tout moun Jabès-Galaad yo te tande tout sa ke Filisten yo te fè a Saül, tout mesye gwo kouraj yo te leve e pran kò a Saül avèk kò a fis li yo pou te pote yo Jabès, yo te antere yo anba chenn nan Jabès e te fè jèn pandan sèt jou. 3

Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi 4osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy, epi pa t mande konsèy a SENYÈ a. Pou sa, Li te touye li, e te 5bay wayòm nan a David, fis a Jesse a.

Source notes (5)
  1. Cross-reference I Sam 31:4
  2. Cross-reference I Sam 31:9
  3. Cross-reference I Sam 13:13-14
  4. Cross-reference Lev 19:31
  5. Cross-reference I Sam 15:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.