Skip to content
BibleKenya

Bib La

Sòm 129

Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn. Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou. Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k'ap bat tè pou plante. Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou. Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak. Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen. Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li. Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Seyè a!

Bib La. Public domain. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.