Skip to content
BibleKenya

Bib La

Sòm 124

Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa. Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an, yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an. Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou. Wi, lavalas ta pote nou ale. Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou. Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale. Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Bib La. Public domain. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.