Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 24

Pa fè anvi a moun mechan,

ni dezire 1pou avèk yo;

paske panse yo fòmante 2vyolans

e lèv yo pale inikite. 3

Avèk sajès, kay la bati

e avèk bon konprann, li vin etabli.

Pa konesans, chanm yon moun vin 4

ranpli avèk tout bèl kalite richès.

Yon nonm saj byen fò,

e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.

Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,

e 5ak konseye an abondans, gen viktwa.

Sajès 6twò wo pou moun ensanse a;

li pa ouvri bouch li nan pòtay la.

Yon moun ki fè plan pou fè mal,

moun va rele li magouyè.

Fòmante foli se peche,

e mokè a abominab a tout moun.

Si ou 7lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò. 8

Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,

ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.

O, kenbe yo!

Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;

èske Li pa 9konsidere sa, sila ki peze kè?

Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?

Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?

Fis mwen, manje 10siwo myèl, paske li bon;

wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.

Konnen ke 11sajès se konsa pou nanm ou;

si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile. 12

Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,

kont kote ke moun dwat la rete a.

Pa detwi kote repo li a;

paske yon 13nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,

men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe. 14

Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.

Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;

Oswa, SENYÈ a va wè l,

vin pa kontan e detounen kòlè Li de li. 15

Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,

ni fè lanvi pou mechan yo,

paske pou yon nonm mechan, 16pa gen avni.

Lanp a mechan an va etenn nèt.

Fis mwen an, 17gen lakrent SENYÈ a ak wa a;

pa asosye ak sila ki pa stab yo,

paske, 18malè yo va leve vit.

Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.

Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:

Fè 19 patipri nan jijman pa bon.

Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, 20

pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;

men pou 21sila ki repwoche mechan yo,

lap wale byen ak yo.

Bon benediksyon va tonbe sou yo.

Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.

Prepare tout travay ou a deyò;

byen prepare chan ou.

Apre, alò, bati kay ou.

Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,

e 22pa bay manti ak lèv ou. 23

Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;

mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”

Mwen te pase nan chan parese a;

akote chan rezen a nonm ki manke 24bon konprann nan.

Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,

e kouvri ak move zèb, 25

Miray an wòch la te fin kraze nèt.

Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;

mwen te gade e m te resevwa enstriksyon. 26

“Yon ti dòmi, yon ti somèy,

yon ti pliye men pou repoze,”

Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;

ak bezwen tankou yon bandi kon zam.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Sòm 1:1
  2. Cross-reference És 30:12
  3. Cross-reference Pwov 9:1
  4. Cross-reference Pwov 8:21
  5. Cross-reference Pwov 11:14
  6. Cross-reference Sòm 10:5
  7. Cross-reference Det 20:8
  8. Cross-reference Sòm 82:4
  9. Cross-reference Ekl 5:8
  10. Cross-reference Sòm 19:10
  11. Cross-reference Pwov 2:10
  12. Cross-reference Sòm 10:9-10
  13. Cross-reference Job 5:19
  14. Cross-reference Job 31:29
  15. Cross-reference Sòm 37:1
  16. Cross-reference Job 15:31
  17. Cross-reference Wo 13:1-7
  18. Cross-reference Pwov 24:16
  19. Cross-reference Pwov 18:5
  20. Cross-reference Pwov 11:26
  21. Cross-reference Pwov 28:23
  22. Cross-reference Lev 6:2-3
  23. Cross-reference Pwov 20:22
  24. Cross-reference Pwov 6:22
  25. Cross-reference És 5:5
  26. Cross-reference Pwov 6:10

Bib Sen An. Copyright © Bib Sen An. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: Open.Bible. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-11-09.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.