Bib Sen An
Nonb 12
Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm 1 Koushit; 2 Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.
Alò, nonm Moïse la te 3 trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.
Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti. Epi SENYÈ a te desann nan yon 4 pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon 5 vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon 6 rèv. Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. 7 Li fidèl nan tout kay Mwen; Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè 8 fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e 9 Li te pati. Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj.
Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen 10 lalèp. Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, 11 pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a. O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”
Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, 12 geri li, mwen priye Ou!”
Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou 13 deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.” Konsa14 Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.
Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.
Source notes (14)
- Cross-reference Egz 2:21
- Cross-reference Nonb 16:3
- Cross-reference Mat 11:29
- Cross-reference Egz 19:9
- Cross-reference I Sam 3:15
- Cross-reference Jen 31:11
- Cross-reference Eb 3:2-5
- Cross-reference Egz 24:10-11
- Cross-reference Jen 17:22
- Cross-reference Egz 4:6
- Cross-reference II Sam 19:19
- Cross-reference És 30:26
- Cross-reference Nonb 5:1-4
- Cross-reference Det 24:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.