Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Marc 3

1

Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a 2pou yo ta kapab akize Li.

Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”

Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.

Lè L fin 3gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.

Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk 4Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li. 5

Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo, avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li. 6 Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp. Paske Li te 7geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab 8touche L.

E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se 9Fis Bondye a!”

Konsa, Li te reponn yo 10avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.

Li te 11monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li. Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo: 12Simon, ki rele Pierre, Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo); André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la; ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.

Apre, Li te 13retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.

Lè 14pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.

Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se 15Béelzébul menm ki pran L. Li 16chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”. 17

Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. Si 18Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini! 19

“Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li. 20

“Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; men 21nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”

Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”. 22

Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.

Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.

Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”

Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: 23 “Gade, men manman M avèk frè M yo! Paske sila ki 24fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Mat 12:9-14
  2. Cross-reference Mat 12:10
  3. Cross-reference Luc 6:10
  4. Cross-reference Mat 22:16
  5. Cross-reference Mat 12:15,16
  6. Cross-reference Mc 4:1
  7. Cross-reference Mat 4:23
  8. Cross-reference Mat 9:21
  9. Cross-reference Mat 4:3
  10. Cross-reference Mat 8:4
  11. Cross-reference Mat 5:1
  12. Cross-reference Trav 1:13
  13. Cross-reference Mc 2:1
  14. Cross-reference Jn 10:20
  15. Cross-reference Mat 10:25
  16. Cross-reference Mat 9:34
  17. Cross-reference Mat 12:25-29
  18. Cross-reference Mat 4:10
  19. Cross-reference És 49:24,25
  20. Cross-reference Mat 12:31-32
  21. Cross-reference Luc 12:10
  22. Cross-reference Mat 12:46-50
  23. Cross-reference Mat 12:49
  24. Cross-reference Ef 6:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.