Bib Sen An
Levitik Yo 9
Alò, li te vin rive 1nan uityèm jou a ke Moïse te rele Aaron, fis li yo ak ansyen an Israël yo. Konsa, li te di a Aaron: “2Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a. Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile, epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, 3SENYÈ a va parèt a nou menm.’”
Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a. Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou 4glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.”
Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e 5ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.” 6
Donk, Aaron te vin toupre lotèl la. Li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan. Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te 7mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la. Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. Men 8chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.
Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la. Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la. Li te lave zantray yo avèk janm yo, e li te ofri yo nan lafimen avèk ofrann brile yo sou lotèl la.
Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran 9kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a.
Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon 10òdonans lan. Apre, li te prezante 11ofrann sereyal la, li te plen men li avèk kèk ladann. Konsa, li te ofri li nan lafimen sou lotèl la, anplis de ofrann brile nan maten an.
Answit, 12li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la; ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès 13ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a, epi yo te plase pati grès sou pwatrin yo. Konsa, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la. Men 14pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse anlè a devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a.
Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te 15beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo.
Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, 16laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la. 17Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.
Source notes (17)
- Cross-reference Éz 43:27
- Cross-reference Egz 29:1
- Cross-reference Egz 29:43
- Cross-reference Egz 24:16
- Cross-reference Eb 5:3
- Cross-reference Lev 4:1-12
- Cross-reference Lev 4:7
- Cross-reference Lev 4:11
- Cross-reference Lev 4:27-31
- Cross-reference Lev 1:1-13
- Cross-reference Lev 2:1-3
- Cross-reference Lev 3:1-11
- Cross-reference Lev 3:9
- Cross-reference Egz 29:26-27
- Cross-reference Det 21:5
- Cross-reference Lev 9:6
- Cross-reference I Wa 18:38-39
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.