Bib Sen An
Levitik Yo 10
Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp 1plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè. 2
Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.
Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: 3
‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwòch Mwen yo,
e devan tout pèp la Mwen va onore.’”
Konsa, Aaron te gade silans.
Moïse te rele osi 4Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.” Konsa, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan 5tinik yo pou rive deyò kan an. Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, 6 Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen an. Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske 7lwil onksyon SENYÈ a sou nou.”
“Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di: 8Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Fòk 9nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. 10Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: 11“Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout. Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan. Sepandan, 12pwatrin ofrann balanse anlè a ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo. 13Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse anlè a, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse anlè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.”
Men Moïse te chache avèk atansyon 14kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di: “Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a. Gade byen, 15 san li pa t pote antre nan sanktyè a. Anverite, nou te dwe 16manje li nan sanktyè a jan Mwen te kòmande a.”
Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te 17prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?” Lè Moïse te tande sa, sa te sanble gen bon rezon devan zye li.
Source notes (17)
- Cross-reference Lev 16:12
- Cross-reference Nonb 16:35
- Cross-reference Egz 19:22
- Cross-reference Egz 6:22
- Cross-reference Egz 6:22
- Cross-reference Lev 21:1-12
- Cross-reference Egz 28:41
- Cross-reference I Tim 3:3
- Cross-reference Lev 11:47
- Cross-reference Det 17:10-11
- Cross-reference Lev 6:14-18
- Cross-reference Lev 7:30-34
- Cross-reference Lev 7:34
- Cross-reference Lev 9:3-15
- Cross-reference Lev 6:30
- Cross-reference Lev 6:26
- Cross-reference Lev 9:8-12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.