Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 33

Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, 1Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo. Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye. Men li menm te pran devan yo. Li te 2bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.

Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te 3tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye. Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?”

Epi Jacob te di: “4Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.”

Alò, sèvant lakay yo te vin pwoche avèk pitit pa yo, e yo te bese ba. Léa tou te apwoche avèk pitit li yo. Yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba.

Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?”

Jacob te reponn: “5Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.”

Men Ésaü te di: “6Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.”

Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m. Souple, pran kado ki te pote pou ou a, 7paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.

Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.” Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri. Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.”

Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? 8Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.” Konsa, Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a. Jacob te vwayaje a 9Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth.

Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil 10Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti 11Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la. 12Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan. Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.

Source notes (12)
  1. Cross-reference Jen 32:6
  2. Cross-reference Jen 42:2
  3. Cross-reference Jen 45:14-15
  4. Cross-reference Jen 48:9
  5. Cross-reference Jen 32:5
  6. Cross-reference Jen 27:39-40
  7. Cross-reference Jen 30:43
  8. Cross-reference Rt 2:13
  9. Cross-reference Jos 13:27
  10. Cross-reference Jos 24:1
  11. Cross-reference Jen 28:2
  12. Cross-reference Jos 24:32

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.