Bib Sen An
II Kwonik Yo 36
Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem. Joachaz te gen venn-twazan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa Jérusalem. Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a. Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men 2Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte. 3
Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a. Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te 4mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone. Anplis, 5Nebucadnetsar te mennen kèk nan bagay ki sòti lakay SENYÈ a Babylone, e te mete yo nan tanp Babylone nan. Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk abominasyon ke li te fè yo, ak sa ki te twouve kont li yo, men vwala, yo ekri nan Liv A Wa A Israël Avèk Juda yo. Epi Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li. 6
Jojakin te gen laj a uitan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa avèk dis jou Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Nan kòmansman ane a, Wa Nebucadnetsar te mennen li Babylone avèk bagay byen chè ki te sòti lakay SENYÈ a. Li te fè moun fanmi li, 7Sédécias, wa sou Juda avèk Jérusalem. 8
Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm 9devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a. 10Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men 11li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la. Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan.
SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te 12voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a; men yo te 13giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa. 14
Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li. 15Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone. Anfen, 16yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo. Sila ki te chape anba nepe yo, li te 17pote yo ale Babylone; epi yo te 18sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte. Sa te fèt 19pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a 20jiskaske swasann-dizan an te fin pase.
Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a 21pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di: Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”
Source notes (21)
- Cross-reference II Wa 23:30-34
- Cross-reference Jr 22:10-12
- Cross-reference II Wa 23:36-37
- Cross-reference II Kwo 33:11
- Cross-reference II Wa 24:13
- Cross-reference II Wa 24:8-17
- Cross-reference Jr 37:1
- Cross-reference II Wa 24:18-20
- Cross-reference Jr 21:3-7
- Cross-reference Jr 52:3
- Cross-reference II Kwo 30:8
- Cross-reference Jr 7:13
- Cross-reference II Kwo 30:10
- Cross-reference II Wa 25:1-7
- Cross-reference II Kwo 36:7-10
- Cross-reference I Wa 9:8
- Cross-reference II Wa 25:11
- Cross-reference Jr 27:7
- Cross-reference Jr 29:10
- Cross-reference Jr 25:11
- Cross-reference Jr 25:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.