Bib Sen An
II Kwonik Yo 27
Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la. Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. 2Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi. Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou 3miray Ophel la. Anplis, li te bati 4vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo. Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a. 5Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a. 6Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo. Li te gen 7venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem. Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
Source notes (7)
- Cross-reference II Wa 15:33-35
- Cross-reference II Kwo 26:16
- Cross-reference II Kwo 33:14
- Cross-reference II Kwo 11:5
- Cross-reference II Kwo 26:5
- Cross-reference II Wa 15:36
- Cross-reference II Kwo 27:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.