Bib Sen An
II Kwonik Yo 26
Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia. Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo. Ozias te gen 1sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem. Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè. 2Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, 3ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
Alò, li te sòti pou fè 4lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo. 5Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo. Anplis, Amonit yo te peye 6taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil. Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan 7Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou. Li te bati fò nan dezè yo, e li te 8fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil. Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo. Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san. Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de 9twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an. Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo. Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.
Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske 10li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an. Konsa, 11Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj. 12Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, 13men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.”
Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, 14lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an. Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li. 15Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a.
Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt 16Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo. Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo 17nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.
Source notes (17)
- Cross-reference II Wa 15:2-3
- Cross-reference II Kwo 24:2
- Cross-reference Dan 1:17
- Cross-reference És 14:29
- Cross-reference II Kwo 21:16
- Cross-reference II Kwo 17:11
- Cross-reference II Kwo 25:23
- Cross-reference Jen 26:18-21
- Cross-reference II Kwo 25:5
- Cross-reference I Wa 13:1-4
- Cross-reference I Kwo 6:10
- Cross-reference II Kwo 19:2
- Cross-reference Egz 30:7-8
- Cross-reference II Wa 5:25-27
- Cross-reference II Wa 15:5-7
- Cross-reference És 1:1
- Cross-reference II Kwo 21:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.