Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Kwonik Yo 17

1

Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm. Li te mete sòlda nan tout 2vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm 3ke papa li, Asa te kaptire yo. SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo, men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li 4pa t aji jan Israël te fè a. Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè. Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.

Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée 5pou enstwi nan vil a Juda yo; epi avèk yo 6Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. 7Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.

Alò, 8lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat. Kèk nan Filisten yo te 9pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit. Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo. Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj; epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj; epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj. Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans, epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè. Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte 10sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.

Source notes (10)
  1. Cross-reference I Wa 15:24
  2. Cross-reference II Kwo 11:5
  3. Cross-reference II Kwo 15:8
  4. Cross-reference I Wa 12:28
  5. Cross-reference II Kwo 15:3
  6. Cross-reference II Kwo 19:8
  7. Cross-reference Det 6:4-9
  8. Cross-reference II Kwo 14:14
  9. Cross-reference II Kwo 9:14
  10. Cross-reference II Kwo 17:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.