Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Kwonik Yo 16

Nan trann-sizyèm ane règn Asa a, 1Baasha, wa a Israël la, te vin monte kont Juda, e li te ranfòse Rama pou anpeche ni antre, ni sòti, vè Asa, wa Juda a. Konsa, Asa te pote fè sòti ajan avèk lò soti nan trezò lakay SENYÈ a avèk lakay wa a, e li te voye yo kote Ben-Hadad, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: “Kite genyen yon alyans antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa m ak papa ou. Gade byen, mwen te voye ba ou ajan avèk lò. Ale, kraze alyans ou an avèk Baasha, wa Israël la, pou li retire li sou mwen.”

Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk 2tout vil depo Nephthali yo. Lè Baasha te tande sa, li te sispann ranfòse Rama, e li te kite travay li. Alò, Wa Asa te mennen tout Juda, yo te retire wòch Rama yo avèk gwo bwa ki t ap sèvi pou bati yo, e avèk yo, li te ranfòse Guéba avèk Mitspa.

Nan lè sa a, 3Hanani, konseye a te vin kote Asa, wa Juda a. Li te di li: “Akoz ou te depann de wa Syrie a e ou pa t depann de SENYÈ a, Bondye ou a, pou sa, lame wa Syrie a gen tan chape nan men ou. Èske Etyopyen yo avèk Libyen yo pa t yon lame ki vast avèk anpil cha ak chevalye? Men 4akoz ou te depann de SENYÈ a, Li te livre yo nan men ou. Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila 5ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.”

Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la.

Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo. Nan trant-nevyèm ane règn li a, Asa te vin malad nan pye li. Maladi a te grav, men menm nan maladi a, 6li pa t chache SENYÈ a, men pito doktè. Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt li yo lè l fin mouri nan karanteyinyèm ane règn pa li a. Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen 7avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li.

Source notes (7)
  1. Cross-reference I Wa 15:17-22
  2. Cross-reference Egz 1:11
  3. Cross-reference I Wa 16:1
  4. Cross-reference II Kwo 13:16-18
  5. Cross-reference II Kwo 15:17
  6. Cross-reference Jr 17:5
  7. Cross-reference Jen 50:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.