Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 8

1

Benjamin te devni papa a Bela, premye ne li a, Ashbel, dezyèm nan, Aharah, twazyèm nan, Nocha, katriyèm nan ak Rapha, senkyèm nan. Bela te fè fis: Addar, Guéra, Abihud, Abischua, Naaman, Achoach, Guéra, Schephuphan ak Huram. Men fis a Echud yo, ki te chèf nan fanmi pa yo pami moun Guéba yo e ki te pote an egzil nan Manachath: Naaman, Achija ak Guéra. Guéra, sila ki te ale an egzil la, te devni papa a Uzza avèk Achichud.

Schacharaïm te fè pitit nan peyi Moab lè li te fin fè sòti madanm li yo, Hushim ak Baara. Avèk Hodesch, madanm li an, li te devni papa a Jobab, Tsibja, Méscha, Malcam, Jeuts, Schocja ak Mirma. Sila yo se te fis li yo, chèf lakay zansèt pa yo Pa Huschim, li menm Schacharaïm te vin papa Abithub avèk Eipaal. Fis a Elpaal yo: Éber, Mischeam, avèk Schémer, ki te bati Ono avèk Lod avèk vil pa li yo; epi Beria avèk Schéma, ki te chèf lakay fanmi zansèt pa yo pami moun Ajalon yo, ki te fè moun Gath yo sove ale, epi Achjo, Schaschak, Jerémpoth, Zebadja, Arad, Éder, Micaël, Jischpha avèk Jocha te fis a Beria. Zebadja, Meschullam, Hizki, Héber, Jischmeraï, Jizlia avèk Jobab te fis a Elpaal. Jakim, Zicri, Zabdi, Éliénaï, Tsilthaï, Éliel, Adaja, Beraja ak Schimrath te fis a Shimei. Jischpan, Éber, Éliel, Abdon, Zicri, Hanan, Hananja, Élam, Anthothija, Jiphdeja avèk Penuel te fis a Schaschak. Schamscheraï, Schecharia, Athalia, Jaaréschia, Élija ak Zicri te fis a Jerocham. Sila yo se te chèf a fanmi zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf ki te rete Jérusalem yo, 2

Alò, nan Gabaon, te rete Jeiel, papa a Gabaon an e madanm li te rele Maaca; epi fis premye ne pa l la se te Abdon ak Tsus, Kis, Baal, Nadab, Guedor, Achjo ak Jéker. Mikloth te fè Schimea. Yo menm tou te rete Jérusalem avèk fanmi pa yo anfas lòt moun fanmi pa yo. 3Ner te vin papa a Kis e Kis te vin papa a Saül: Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal. Fis a Jonathan yo: Merib-Baal. 4Merib-Baal te fè Michée. Fis a Michée yo: Pithon, Mélec, Thaeréa avèk Achaz. Achaz te fè Jehoadda; Jehoadda te fè Alémeth, Azmaveth avèk Zimri; Zimri te fè Motsa; Motsa te fè Binea. Rapha te fis pa li; Éleasa, fis pa li a, Atsel, fis pa li a; Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abdias avèk Hanan. Tout sa yo se te fis a Atsel yo. Fis a Éschek yo, frè li a: Ulam, premye ne li a, Jeusch, dezyèm nan ak Éliphéleth, twazyèm nan. Fis a Ulam yo te mesye pwisan, ranpli ak kouraj, achè yo, avèk anpil fis e fis a fis, san-senkant antou. Tout sa yo se te fis a Benjamin.

Source notes (4)
  1. Cross-reference Jen 46:21
  2. Cross-reference I Kwo 9:35-38
  3. Cross-reference I Kwo 9:39-44
  4. Cross-reference II Sam 9:12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.