Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ruth 1

Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen 1yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti 2Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo. Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te 3antre nan peyi Moab la pou te demere la. Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo. De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane. Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li. Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te 4vizite pèp li a nan bay yo manje. Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda. Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. 5Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou. Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.”

Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye. Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.”

Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo 6ta vin mari nou? Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis, Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m tris pou ka nou yo. 7Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”

Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk 8dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”

Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou 9SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”

Lè 10li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.

Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, 11tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?” Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske 12Toupwisan an te aji byen anmè avè m. Mwen te sòti plen, men 13SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?” Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem 14nan kòmansman rekòlt lòj la.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Jen 12:10
  2. Cross-reference Jij 17:8
  3. Cross-reference Jij 3:30
  4. Cross-reference Egz 4:31
  5. Cross-reference II Tim 1:16
  6. Cross-reference Jen 38:11
  7. Cross-reference Jij 2:15
  8. Cross-reference Jos 24:15
  9. Cross-reference I Sam 3:17
  10. Cross-reference Trav 21:14
  11. Cross-reference Mat 21:10
  12. Cross-reference Egz 6:3
  13. Cross-reference Job 1:21
  14. Cross-reference Egz 9:31

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.