Bib Sen An
Nonb 7
Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo. 1 Chèf Israël yo, chèf lakay zansèt papa pa yo, te fè yon ofrann. Yo menm te chèf a tribi yo. Se te sila ki te sou mesye kontwolè yo. Lè yo te mennen ofrann pa yo devan SENYÈ a, sis kabwèt kouvri, avèk douz bèf kabwèt, yon kabwèt pou chak de chèf, yon bèf pou chak nan yo, epi yo te prezante yo devan tabènak la.
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Aksepte bagay sa yo pou yo menm, pou yo kapab sèvi nan sèvis Tant Asanble a, e ou va bay yo a Levit yo, a chak mesye selon sèvis pa yo.”
Konsa, Moïse te pran kabwèt yo avèk bèf yo, e li te bay yo a Levit yo. De kabwèt ak kat bèf, li te bay a fis Guerschon yo, selon 2 sèvis pa yo, epi kat kabwèt avèk uit bèf, li te bay a fis Merari yo, selon 3 sèvis pa yo, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la. Men li pa t bay a fis Kehath yo akoz 4 sèvis pa yo se te sèvis bagay sen ke yo te pote sou zepòl yo.
Chèf yo te ofri ofrann dedikasyon an pou lotèl la lè 5 li te fin onksyone. Konsa chèf yo te ofri ofrann yo devan lotèl la. SENYÈ a te di a Moïse: “Kite yo prezante ofrann pa yo, yon chèf chak jou, pou dedikasyon lotèl la.”
Alò, sila ki te prezante ofrann li nan premye jou a, se te Nachschon, fis a Amminadab nan tribi Juda a. Ofrann pa li a se te
yon 6 plato fèt an ajan avèk yon pèz de san trant sik,
yon bòl fèt an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de ki plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè fèt an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; 7
yon mal kabrit kòm ofrann peche;
epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a 8 Nachschon, fis a Amminadab la.
Nan dezyèm jou a Nethaneel, fis a Tsuar a, chèf a Issacar a, te prezante yon ofrann. Li te prezante kòm ofrann li
yon kiyè fèt an ajan avèk yon pèz de san-trant sik,
yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de te plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò a dis sik ranpli avèk lansan;
Yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou sakrifis 9 ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan.
Nan twazyèm jou a, se te Éliab fis a Hélon an, chèf a Zabulon an. Ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk yon pèz de trant sik,
yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò a dis sik plen avèk lansan;
yon jenn towo,
yon belye,
yon 10 mal mouton nan laj 1 nan, pou yon ofrann brile;
Yon mal belye pou yon ofrann peche,
epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Éliab la, fis a Hélon an.
Nan katriyèm jou a, se te Élitsur, fis a Schedéur a, chèf a fis Ruben yo; ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk pèz de san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè nan dis sik plen avèk lansan;
yon towo,
yon belye,
yon 11 mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élitsur a, fis a Schedéur a.
Nan senkyèm jou a, se te Schelumiel, fis a Schedéur a, chèf a fis Siméon yo; ofrann pa li a, se te
yon plato an ajan avèk yon pèz de san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Schelumiel la, fis a Schedéur a.
Nan sizyèm jou a, se te 12 Élisaph, fis a Déuel la, chèf a fis Gad yo; ofrann pa li a se te
yon plato an ajan nan pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk 13 farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik ranpli avèk lansan 14
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élisaph la, fis a Déuel la.
Nan setyèm jou a, se te 15 Élischama fis a Ammihud la, chèf a fis Ephraïm yo; ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk 16 lansan; 17
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élischama a, fis a Ammihud la.
Nan uityèm jou a, se te 18 Gamaliel, fis a Pedahtsur a, chèf a fis Mannasé yo; ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk 19 lansan;
yon towo,
yon belye,
yon20 mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon ofrann peche;
epi pou ofrann 21 sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann Gamaliel, fis a Pedahtsur a.
Nan nevyèm jou a, se te 22 Abidan fis a Guideoni a, chèf a fis Benjamin yo;
ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk 23 lansan;
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit pou yon 24 ofrann peche;
epi pou ofrann 25 sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Abidan, fis a Guideoni a.
Nan dizyèm jou a, se te Ahiézer fis a Ammischaddaï a, chèf a fis Dan yo. Ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon 26 sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk 27 lansan;
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahiézer, fis a Ammischaddaï a.
Nan onzyèm jou a, se te 28 Paguiel, fis a Ocran an, chèf a fis Acer yo; ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk 29 lansan;
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Paguiel, fis a Ocran an.
Nan douzyèm jou a, se te 30 Ahira, fis a Énan an, chèf a fis Nephtali yo; ofrann pa li a se te
yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik,
yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon 31 sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal;
yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan;
yon towo,
yon belye,
yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;
Yon mal kabrit kòm yon ofrann peche;
epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahira, fis a Énan an.
Sa se te ofrann 32 dedikasyon pou lotèl la pa chèf Israël yo nan jou 33 lotèl la te onksyone a: douz plato an ajan, douz bòl an ajan, douz kiyè soup ki fèt an lò, chak plato ajan te peze san-trant sik e chak bòl swasann-dis; tout ajan a zouti yo se te de-mil-kat-san (2,400) sik, selon sik sanktyè a; douz kiyè soup an lò, plen lansan, ki peze dis sik chak, selon 34 sik a sanktyè a, tout lò a kiyè yo te fè san-ven (120) sik.
Tout bèf pou ofrann brile a, douz towo, belye yo douz, mal mouton nan laj 1 nan avèk ofrann sereyal pa yo, e douz mal kabrit kòm ofrann peche a; epi tout bèf pou sakrifis lapè yo, venn-kat towo, belye yo, swasant, mal kabrit yo, swasant, mal mouton nan laj 1 nan yo, swasant. 35 Sa se te ofrann dedikasyon lotèl la apre li te fin onksyone a.
Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa L ap pale avèk li soti anwo 36twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li.
Source notes (36)
- Cross-reference Nonb 1:5-16
- Cross-reference Nonb 4:24-26
- Cross-reference Nonb 4:31-32
- Cross-reference Nonb 4:5-15
- Cross-reference Nonb 7:1
- Cross-reference Egz 25:29
- Cross-reference Lev 4:23
- Cross-reference Luc 3:32-33
- Cross-reference Lev 7:11-13
- Cross-reference És 53:7
- Cross-reference Eb 9:28
- Cross-reference Nonb 1:14
- Cross-reference Lev 2:5
- Cross-reference Sòm 50:8-14
- Cross-reference Nonb 1:10
- Cross-reference Éz 8:11
- Cross-reference Mi 6:6-8
- Cross-reference Nonb 2:20
- Cross-reference Egz 30:7
- Cross-reference Trav 8:32
- Cross-reference Lev 3:1-17
- Cross-reference Nonb 1:11
- Cross-reference Rev 5:8
- Cross-reference II Kor 5:21
- Cross-reference Kol 1:20
- Cross-reference Egz 30:13
- Cross-reference Sòm 141:2
- Cross-reference Nonb 1:13
- Cross-reference Mal 1:11
- Cross-reference Nonb 1:15
- Cross-reference Esd 1:9-10
- Cross-reference Nonb 7:10
- Cross-reference Nonb 7:1
- Cross-reference Egz 30:13
- Cross-reference Nonb 7:1-10
- Cross-reference Egz 25:21-22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.