Bib Sen An
Nonb 5
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè 1 kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri. “Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete 2nan mitan yo a.” Fis Israël yo te fè sa, e yo te voye yo deyò kan an; jis jan ke SENYÈ a te pale avèk Moïse la, se konsa ke fis Israël yo te fè.
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Pale avèk fis Israël yo: 3 ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab, alò, li va konfese peche ke li te fè yo; 4 li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a. Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a. 5Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li. Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va 6vin pou li.’”
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Si madanm a yon nonm 7vin vire, e li vin enfidèl anvè li, epi yon lòt gason 8vin antre nan li, epi si sa kache a zye mari li, sa rete an kachèt, malgre ke li te konwonpi tèt li, men pa gen temwayaj kont li ni li pa t kenbe nan zak la, si yon espri 9jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li, mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, 10pou pa bliye inikite.
“‘Alò, prèt la va mennen li vin toupre li, e fè l kanpe devan SENYÈ a. Prèt la va pran dlo sen an nan yon veso fèt an ajil. Li va pran kèk nan poud ki atè nan tabènak la, e li va mete nan dlo a. Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an. Prèt la va fè fanm nan sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t 11vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon. Sepandan, si ou te 12vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou, e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,” (alò, prèt la va fè fanm nan 13 fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt, e vant ou vin anfle; epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan 14va di: “Amen, Amen.” Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a. Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè. Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la. Konsa, 15 prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a. Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon 16 madichon pami pèp li a. Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.
“‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li, oswa lè yon espri jalouzi vin sou yon mesye, e li vin jalou pou madanm li. Li va, alò, fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, e prèt la va aplike tout lwa sa a anvè li. Anplis, mesye a va lib, san koupabilite, men fanm nan va 17 pote koupabilite pa li a.’”
Source notes (17)
- Cross-reference Lev 13:8-46
- Cross-reference Lev 26:12
- Cross-reference Lev 5:14-17
- Cross-reference Lev 6:4-5
- Cross-reference Lev 7:32-34
- Cross-reference Lev 10:13
- Cross-reference Nonb 5:19-29
- Cross-reference Lev 18:20
- Cross-reference Pwov 6:34
- Cross-reference I Wa 17:18
- Cross-reference Nonb 5:12
- Cross-reference Nonb 5:12
- Cross-reference Jos 6:26
- Cross-reference Det 27:15
- Cross-reference Lev 2:2-9
- Cross-reference Jr 29:19
- Cross-reference Lev 20:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.