Bib Sen An
Nonb 31
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 1Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.
Moïse te pale avèk pèp la e te di: “Bay gason pami nou yo zam pou fè lagè; pou yo kapab sòti kont Madian pou egzekite 2vanjans SENYÈ a kont Madian. Yon milye ki soti nan chak tribi a tout tribi Israël yo, nou va voye yo nan lagè.” Konsa, te vin disponib soti nan milye an Israël, yon milye soti nan chak tribi, douz mil avèk zam prepare pou lagè. Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak 3twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan.
Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e 4yo te touye tout gason yo. Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: 5Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye 6Balaam fis a Beor a avèk nepe. Fis a Israël yo te pran an kaptif fanm a Madian avèk timoun piti yo, tout bèf yo avèk tout bann bèt yo ak tout byen yo te piyaje yo. Yo te brile tout vil kote yo te rete yo ak tout kan yo avèk dife. 7Yo te piyaje ak tout sila ki te pran an kaptif yo, ni moun, ni bèt. Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho.
Moïse avèk Éléazar, prèt la ak tout chèf ki nan kongregasyon yo te ale deyò kan an pou rankontre yo. Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo.
Moïse te di yo: “Èske nou te bay 8tout fanm yo lavi? 9Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a. 10Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason. Men tout fi ki poko konnen gason, konsève yo pou nou menm. 11
“Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a. Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.”
Alò, Éléazar, prèt la, te di a mesye lagè ki te ale nan batay yo: “Sa se règleman a lalwa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la: sèlman lò avèk ajan, avèk bwonz, fè, fè blan ak plon, tout sa ki kapab sipòte dife, nou va fè pase nan dife, e li va vin pwòp; men li va pirifye avèk 12dlo pirifikasyon an. Men nenpòt sa ki pa kab sipòte dife, nou va pase yo nan dlo. Epi nou va lave rad nou nan setyèm jou a pou nou vin pwòp; epi apre, nou kapab antre nan kan an.”
Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: “Ou menm avèk Éléazar, prèt la, chèf a lakay zansèt yo nan kongregasyon an, pran kontwòl de sa ki te pran an kaptif yo, ni lòm, ni bèt; epi 13divize piyaj la antre gèrye ki te sòti nan batay yo ak tout kongregasyon an. 14Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton; pran li nan mwatye pa yo, e bay li a Éléazar, prèt la, kòm yon ofrann bay SENYÈ a. Soti nan mwatye fis Israël yo, ou va pran youn ki sòti nan chak senkant moun, nan bèf, nan bourik ak nan mouton, nan tout bèt; epi bay yo a Levit ki 15responsab lòd nan tabènak SENYÈ a.”
Moïse avèk Éléazar, prèt la, te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Alò, piyaj ki te rete nan byen ke mesye lagè yo te piyaje a te si-mil-swasann-kenz (675,000) mouton, swasann-douz-mil (72,000) bèf, swasanteyen-mil (61,000) bourik, epi nan Kretyen kaptif yo, fanm ki pa t janm konnen gason yo, tout moun te trann-de-mil (32,000). Mwatye a, pati a sila ki te ale nan lagè yo te konsa: kantite mouton yo te: twa-san-trann-sèt-mil-senk-san, taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz (675); bèf yo te trann-si-mil (36,000), ladann taks la te swasann-douz (72); bourik yo te trann-mil-senk-san (30,500), ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen (61); moun vivan yo te sèz-mil (16,000), ladan yo taks SENYÈ a te trann-de (32) moun.
Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, 16jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo—— Mwatye kongregasyon an te twa-san-trann-sèt-mil-senk-san (337,500) mouton, trann-si-mil (36,000) bèf, trann-mil-senk-san (30,500) bourik, moun vivan yo te sèz-mil (16,000) epi soti nan mwatye fis Israël yo, Moïse te retire nan chak senkant, ni nan lòm ak nan bèt yo, e li te bay yo a Levit yo, ki te kenbe lòd nan tabènak SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Alò, ofisye ki te sou dè milye nan lame yo, kapitèn a dè milye e kapitèn a dè santèn yo te apwoche Moïse, epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la. Konsa, nou vin pote yon ofrann bay SENYÈ a sou sa ke chak moun te twouve, bagay an lò, chenèt, braslè, bag, zanno ak kolye, 17pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a.”
Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò pa yo, tout kalite bagay ki fonn. Tout lò pou ofrann, yo te ofri devan SENYÈ a, soti nan kapitèn dè milye ak kapitèn dè santèn yo, se te sèz-mil-sèt-san-senkant (16,750) sik. 18Mesye lagè yo te pran piyaj la, chak nonm pou kont li.
Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon 19souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a.
Source notes (19)
- Cross-reference Nonb 25:1-17
- Cross-reference Lev 26:25
- Cross-reference Nonb 10:8-9
- Cross-reference Det 20:13
- Cross-reference Nonb 25:15
- Cross-reference Jos 13:22
- Cross-reference Det 20:14
- Cross-reference Det 20:14
- Cross-reference Nonb 25:1-9
- Cross-reference Det 7:2
- Cross-reference Nonb 19:11-22
- Cross-reference Nonb 19:9-17
- Cross-reference Jos 22:8
- Cross-reference Nonb 18:21-30
- Cross-reference Nonb 3:7-37
- Cross-reference Nonb 5:9-10
- Cross-reference Egz 30:12-16
- Cross-reference Nonb 31:32
- Cross-reference Egz 30:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.