Bib Sen An
Nonb 25
Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse 1pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo. Paske 2yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a. Konsa, 3Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.
SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, 4pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”
Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va 5touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo menm avèk Baal Peor la.”
Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm 6Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a. 7Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l, epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. 8Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann. 9Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 10“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo 11nan jalouzi pa Mwen an.
“Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li 12akò lapè Mwen. Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò 13pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”
Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo. Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a 14Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian. Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 15“Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo; paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”
Source notes (15)
- Cross-reference I Kor 10:8
- Cross-reference Egz 34:15
- Cross-reference Sòm 106:28-29
- Cross-reference Det 13:17
- Cross-reference Egz 32:27
- Cross-reference Nonb 22:4
- Cross-reference Sòm 106:30
- Cross-reference Nonb 16:46-48
- Cross-reference Nonb 16:48-50
- Cross-reference Sòm 106:30
- Cross-reference Egz 20:5
- Cross-reference És 54:10
- Cross-reference Egz 29:9
- Cross-reference Nonb 31:8
- Cross-reference Nonb 25:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.