Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Marc 6

1

Jésus te kite la. Li te vini nan 2pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li. Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse 3enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?” Se pa 4chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te 5ofanse de Li.

Konsa, Jésus te di yo: 6“Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.” Li pa t kab fè anpil mirak la, malgre Li te 7poze men Li sou kèk moun malad, e Li te geri yo. Li te etone pa enkredilite yo.

Epi Li t ap ale toupatou nan ti bouk yo pou bay enstriksyon.8 9 Li te rele douz yo e te kòmanse voye yo sòti 10de pa de, e Li te bay yo otorite sou move lespri yo. 11Konsa, Li te avèti yo ke yo pa t pou pran anyen pou vwayaj la sof ke yon baton; ni pen, ni yon sak, ni lajan pou mete nan senti yo; men yo te gen pou mete sapat yo, e Li te di anplis: “Pa menm mete de tinik (yon wòb lejè)”.

Li te di yo: “Nenpòt kote nou antre nan yon kay, rete la jouk lè nou kite vil la. Epi nenpòt kote ki pa resevwa nou, oswa koute nou, pandan nou ap kite la, 12souke retire menm pousyè ki anba pye nou kon temwayaj kont yo. Asireman mwen di ou, l ap pi tolerab pou Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a!” 13

Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti. Yo t ap chase anpil move lespri, yo t ap 14onksyone malad yo avèk lwil, e t ap geri yo. 15

Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.

Men lòt t ap di: “Li menm se 16Élie”. Lòt t ap di: “Li se yon pwofèt, kon youn nan ansyen pwofèt yo”.

Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!” Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz 17Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l. Paske Jean t ap di a Hérode: 18“Li pa pèmèt pou ou gen madanm a frè ou”. Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l; 19 Paske 20Hérode te pè Jean, pwiske li te konnen ke li te yon nonm ladwati ki sen, e li te pwoteje l. Lè Hérode te konn koute l, li te konn byen twouble; men li te bay li plezi pou koute l.

Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te 21ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée. Lè 22fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”. Li te sèmante a li menm: “Nenpòt sa ou vle, m ap bay ou li, 23jiska mwatye wayòm mwen an”.

Konsa, li te ale deyò e te mande manman l: “Kisa mwen dwe mande?” Epi li te di l: “Tèt a Jean Baptiste”.

Lapoula, li te vini avèk vitès devan Wa a avèk yon demann. Li te di: “Mwen vle ke ou ban mwen koulye a menm, tèt a Jean Baptiste sou yon plato”.

Malgre ke Wa a te byen tris akoz sèman an, men akoz vizitè li yo, li pa t gen kouraj pou l refize l. Imedyatman Wa a te voye yon gad avèk lòd pou vini avèk tèt li. Li te ale, e te fè yo koupe tèt li nan prizon an. Konsa yo te pote tèt li sou yon plato pou te bay fi a, e fi a te bay li a manman l.

Lè disip li yo te tande sa, yo te vin pran kò l, e te mete l nan yon tonm. 24

Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.

Li te di yo: “Vini apa pou kont nou nan yon plas apa pou pran yon ti repo”. Paske anpil moun t ap antre, sòti, e yo pa t menm gen tan manje. 25

Yo te kite la nan yon kannòt pou ale nan yon plas apa pou kont yo. Konsa, lè pèp la te wè ke yo t ap prale, anpil moun te rekonèt yo. Yo te kouri jwenn yo apye, sòti nan tout vil yo, epi yo te rive avan yo.

Lè Jésus te rive atè, Li 26te wè yon gwo foul. Konsa, Li te gen konpasyon pou yo paske 27yo te tankou mouton san gadò. Li te kòmanse enstwi yo anpil bagay.

Lè li te deja byen ta, disip Li yo te vin kote Li. Yo te di: “Plas sa a byen izole, e li deja fin byen ta. Voye yo ale pou yo kapab ale nan landwa pa yo avèk vil pa yo pou achte kèk manje pou tèt yo.”

Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” 28

Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”

Li te di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade!” Lè yo konnen, yo di: “Senk pen ak de pwason”.

Konsa, Li te kòmande yo pou chita pa gwoup nan zèb vèt la. Yo te chita pa gwoup de santèn, e pa gwoup de senkantèn. Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te 29beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.

Yo tout te manje, e yo te satisfè. Yo te ranmase douz 30panyen byen plen avèk mòso kase yo; e anplis, pwason. Te gen 31senk-mil mesye ki te manje pen yo. 32

Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale. Lè Li fin 33di yo orevwa, Li te ale nan mòn nan pou priye.

Lè lannwit te rive, kannòt la te nan mitan lanmè a, e Jésus te atè pou kont Li. Lè L te wè yo t ap fè fòs sou zaviwon yo akoz van an te kont yo, nan anviwon 34katriyèm è nan aswè, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a, kòmsi Li te gen entansyon ale devan pou kite yo dèyè.

Men lè yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te sipoze ke Li te yon fantom e yo te kriye fò; pwiske yo tout te wè Li e yo te pè. Men nan moman sa a Li te pale avèk yo. Li te di yo: 35“Pran kouraj! Se Mwen menm! 36Pa pè.” Li te antre 37nan kannòt la avèk yo, e van an te sispann. Yo te vrèman sezi. Akoz yo pa t reyisi gen okenn konprann nan afè pen yo, kè yo te di. 3839

Lè yo te fin travèse lòtbò, yo te rive atè nan Génésareth e te mare kannòt la atè. Nan moman yo te kite kannòt la, pèp la te rekonèt yo. Konsa, pèp la te kouri toupatou nan tout peyi a, e te kòmanse pote sila ki te malad yo sou palèt nan plas kote Li te ye a.

Nenpòt kote Li te antre nan bouk ak gran vil oswa andeyò, yo t ap vin depoze moun malad nan mache yo pou sipliye L pou yo ta kapab sèlman 40touche 41rebò vètman Li, akoz tout moun ki te touche l t ap vin geri.

Source notes (41)
  1. Cross-reference Mat 13:54-58
  2. Cross-reference Luc 4:16-23
  3. Cross-reference Mat 4:23
  4. Cross-reference Mat 13:55
  5. Cross-reference Mat 11:6
  6. Cross-reference Mat 13:57
  7. Cross-reference Mc 5:23
  8. Cross-reference Mat 9:35
  9. Cross-reference Luc 10:4-11
  10. Cross-reference Luc 10:1
  11. Cross-reference Mat 10:10
  12. Cross-reference Mat 10:14
  13. Cross-reference Mat 11:1
  14. Cross-reference Jc 5:14
  15. Cross-reference Mat 14:1-12
  16. Cross-reference Mat 16:14
  17. Cross-reference Mat 14:3
  18. Cross-reference Mat 14:4
  19. Cross-reference Mat 14:3
  20. Cross-reference Mat 21:26
  21. Cross-reference Est 1:3
  22. Cross-reference Mat 14:3
  23. Cross-reference Est 5:3-6
  24. Cross-reference Mat 10:2
  25. Cross-reference Mc 8:2-9
  26. Cross-reference Mat 9:36
  27. Cross-reference Nonb 27:17
  28. Cross-reference Jn 6:7
  29. Cross-reference Mat 14:9
  30. Cross-reference Mat 14:21
  31. Cross-reference Mat 14:21
  32. Cross-reference Mat 14:22-32
  33. Cross-reference Trav 18:18-21
  34. Cross-reference Mat 24:43
  35. Cross-reference Mat 9:2
  36. Cross-reference Mat 14:27
  37. Cross-reference Mc 6:32
  38. Cross-reference Mc 8:17; Wo 11:7
  39. Cross-reference Jn 6:24
  40. Cross-reference Mc 3:10
  41. Cross-reference Mat 9:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.