Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Luc 13

Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke 1Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.

Jésus te reponn yo: 2“Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a? Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa. Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan 3Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?

“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”

Li te kòmanse pale parabòl sila a: “Yon sèten mesye te gen yon 4pye fig frans ki te plante nan chan li. Li te vini pou chache fwi sou li, e li pa t twouve anyen. Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. 5 Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’ Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè. Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”

Konsa, li t ap 6enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon 7maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.

Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. Li te 8poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.

Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: 9“Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”

Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, 10èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? Alò, fanm sa a, 11yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”

Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men 12tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.

Konsa 13Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li? Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi 14zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”

Ankò Li te di: 15“A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la? 16Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”

Li t ap pase de yon vil a yon lòt, pou bay enstriksyon pandan Li t ap 17fè wout Li vè Jérusalem. Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?”

Li te reponn yo: 18“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab. Depi mèt kay la leve e19fèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: 20‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.

“Konsa, nou21va kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’

“Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. 22Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’ Va gen kriye fò, ak manje dan23nan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò. Yo24va sòti nan lès, ak lwès, e nan nò avèk sid, epi yo va repoze sou tab la nan wayòm syèl la.

“Gade byen, gen25kèk moun ki dènye ki va vin premye, e kèk moun ki premye ki va vin dènye.”

Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske 26Hérode vle touye Ou.”

Li te reponn yo: “Ale di rena sa a ‘Gade, Mwen chase move lespri yo, e Mwen fè gerizon jodi a, ak demen. Epi nan twazyèm jou a 27bi m va fin acheve. Malgre sa, Mwen oblije fè wout Mwen jodi a, demen ak jou apre a, paske li pa kapab fèt pou yon28pwofèt ta peri andeyò Jérusalem.’”

O Jérusalem, Jérusalem, vil29ki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!

“Gade, lakay nou rete nan men nou dezole, epi Mwen di nou, nou p ap wè M ankò jiskaske nou di: 30‘Beni se Sila a ki vini nan non Senyè a!’”

Source notes (30)
  1. Cross-reference Mat 27
  2. Cross-reference Jn 9:2
  3. Cross-reference Né 3:5
  4. Cross-reference Mat 21:19
  5. Cross-reference Mat 3:10
  6. Cross-reference Mat 4:23
  7. Cross-reference Luc 13:16
  8. Cross-reference Mc 5:23
  9. Cross-reference Egz 20:9
  10. Cross-reference Luc 14:5
  11. Cross-reference Luc 19:9
  12. Cross-reference Luc 18:43
  13. Cross-reference Mat 13:31
  14. Cross-reference Éz 17:23
  15. Cross-reference Mat 13:24
  16. Cross-reference Mat 13:33
  17. Cross-reference Luc 9:51
  18. Cross-reference Mat 7:13
  19. Cross-reference Mat 25:10
  20. Cross-reference Mat 7:23
  21. Cross-reference Luc 3:8
  22. Cross-reference Sòm 6:8
  23. Cross-reference Mat 8:12
  24. Cross-reference Mat 8:11
  25. Cross-reference Mat 19:30
  26. Cross-reference Mat 14:1
  27. Cross-reference Eb 2:10
  28. Cross-reference Mat 21:11
  29. Cross-reference Luc 19:41
  30. Cross-reference Sòm 118:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.