Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Levitik Yo 7

“‘Alò sa se lalwa 1ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout. Nan 2plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la. Answit, li va ofri li avèk tout grès li: 3grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo, ak de ren yo avèk grès ki sou yo, ki nan pati senti a; epi gwo bout fwa a, li va retire 4avèk ren yo. Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Li se yon ofrann koupabilite. 5Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.

“‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. 6Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li. Osi, prèt ki prezante ofrann brile a nenpòt moun nan, prèt sa a va gen pou li menm, po a ofrann brile ke li te prezante a. Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon 7pwalon va rete pou prèt ki prezante li a. Tout ofrann sereyal, mele avèk lwil oswa sèch, va vin apatyen a tout fis Aaron yo, tout menm jan an.

“‘Alò, sa se lalwa 8sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a. Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri 9gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil. Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen 10san ledven. De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. 11Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo. 12Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten.

“‘Men si sakrifis lapè a se yon 13ofrann pou fè ve, oswa yon ofrann bòn volonte, li va manje nan jou ke li ofri sakrifis la. Epi nan pwochen jou a, sa ki rete a, ap kapab manje; 14men sa ki rete nan chè sakrifis la, nan twazyèm jou a, va brile avèk dife. Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon 15bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li.

“‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a. 16Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin 17 koupe retire de pèp li a. Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”

Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje 18okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit. Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki 19 dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li. Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a. 20Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo. Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”

Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo, e di: ‘Sila ki ofri 21sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a, va pote ofrann li an bay SENYÈ a soti nan sakrifis ofrann lapè li a. Se pwòp men li ki va pote ofrann pa dife a bay SENYÈ a. Li va pote grès la avèk pwatrin nan, pou 22pwatrin nan kapab prezante kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. Prèt la va ofri grès la nan lafimen sou lotèl la, men 23pwatrin nan va pou Aaron avèk fis li yo. Nou va bay 24kwis dwat la a prèt la kòm yon don ki sòti nan sakrifis ofrann lapè nou yo. Sila pami fis Aaron ki ofri san ofrann lapè a ak grès la, kwis dwat la va pou li kòm pati pa li. Paske, Mwen te pran 25pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’”

Se sa ki konsakre a Aaron e 26 ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a. Sa yo SENYÈ a te kòmande pou bay yo sòti nan fis Israël yo nan jou ke li te 27onksyone yo a. Se dwa yo pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.

Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann 28òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo, 29ke SENYÈ a te kòmande Moïse nan Mòn Sinaï nan jou ke li te kòmande fis Israël yo pou prezante ofrann pa yo bay SENYÈ a nan dezè Sinaï a.

Source notes (29)
  1. Cross-reference Lev 5:14-19
  2. Cross-reference Lev 1:11
  3. Cross-reference Lev 3:9
  4. Cross-reference Lev 3:4
  5. Cross-reference Lev 6:18-29
  6. Cross-reference I Kor 9:13
  7. Cross-reference Lev 2:5
  8. Cross-reference Lev 3:1
  9. Cross-reference Lev 2:4
  10. Cross-reference Lev 3:1-17
  11. Cross-reference Nonb 18:8-19
  12. Cross-reference Lev 22:29-30
  13. Cross-reference Lev 19:5-8
  14. Cross-reference Egz 12:10
  15. Cross-reference Lev 19:7
  16. Cross-reference Nonb 19:13
  17. Cross-reference Lev 7:25
  18. Cross-reference Lev 3:17
  19. Cross-reference Egz 22:31
  20. Cross-reference I Sam 14:33
  21. Cross-reference Lev 3:1
  22. Cross-reference Egz 29:26-27
  23. Cross-reference Nonb 18:11
  24. Cross-reference Egz 29:27
  25. Cross-reference Egz 29:27
  26. Cross-reference Nonb 18:8
  27. Cross-reference Egz 40:13-15
  28. Cross-reference Egz 29:22-34
  29. Cross-reference Lev 26:46

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.