Bib Sen An
Jean 5
Apre bagay sa yo, te gen 1yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
La nan Jérusalem toupre 2 pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m 3nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
Jésus te di l 4“Leve, pran kabann ou, epi mache!”
Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. 5Jou sa a se te jou Saba.
Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. 6Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’”
Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. 7Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
Nonm nan te ale e te di 8Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
Alò pou rezon sa a, 9Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, 10ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, 11Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 12Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi 13pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone. Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou 14bay yo lavi, menm jan an 15Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
“Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men 16Li te bay tout jijman a Fis la, Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. 17Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
“Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi 18kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi 19p ap vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
“Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè 20mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi 21sa yo ki tande ap viv.
“Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an 22Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. Li te bay Li otorite pou 23egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
“Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè 24tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, epi ap vin parèt. 25Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
“Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi 26jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men 27volonte a Li menm, ki te voye Mwen an. 28
“Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. Gen 29yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
“Ou te voye kote Jean, epi Li 30 te bay temwayaj a verite a. Men 31 temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
“Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te 32rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
“Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske 33zèv ke Papa a te ban M pou 34acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. E Papa a ki te voye M nan, 35Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
“E nou pa gen 36pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 37Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
“Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi. 38
“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm. Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lanmou Bondye nan nou menm.
“Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.
“Men 39si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l. Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache 40glwa a ki sòti sèlman nan 41sèl Bondye ki genyen an.
“Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se 42Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
“Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske 43li te ekri selon Mwen menm. Men 44si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”
Source notes (44)
- Cross-reference Det 16:1
- Cross-reference Né 3:1-32
- Cross-reference Jn 5:4
- Cross-reference Mat 9:6
- Cross-reference Jn 9:14
- Cross-reference Né 13:19
- Cross-reference Mc 2:5
- Cross-reference Jn 1:19
- Cross-reference Jn 1:19
- Cross-reference Jn 10:33
- Cross-reference Mat 26:39
- Cross-reference Jn 3:35
- Cross-reference Jn 14:12
- Cross-reference Wo 4:17
- Cross-reference Jn 11:25
- Cross-reference Jn 5:27
- Cross-reference Luc 10:16
- Cross-reference Jn 12:44
- Cross-reference Jn 3:18
- Cross-reference Luc 15:24
- Cross-reference Jn 6:60
- Cross-reference Jn 1:4
- Cross-reference Jn 9:39
- Cross-reference Jn 11:24
- Cross-reference Dan 12:2
- Cross-reference Jn 8:16
- Cross-reference Jn 4:34
- Cross-reference Jn 8:14
- Cross-reference Jn 5:37
- Cross-reference Jn 1:7-32
- Cross-reference Jn 5:32
- Cross-reference Mc 1:5
- Cross-reference Jn 10:25-38
- Cross-reference Jn 4:34
- Cross-reference Mat 3:17
- Cross-reference I Jn 2:14
- Cross-reference Jn 7:52
- Cross-reference Jn 5:44
- Cross-reference Mat 24:5
- Cross-reference Wo 2:29
- Cross-reference Jn 17:3
- Cross-reference Jn 9:28
- Cross-reference Luc 24:27
- Cross-reference Luc 16:29-31
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.