Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jean 2

Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan 1Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. Jésus ansanm ak 2disip li yo te envite nan maryaj la.

Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”

Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? 3 Lè M poko rive.” 4

Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”

La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou 5koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.

Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.

Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.

Lè chèf sèvitè a te goute dlo a 6ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo 7bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”

Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre 8glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.

Aprè sa Li te desann bò kote 9Capernaüm, Li ansanm avèk manman 10Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou. 11

Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem. 12

Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. A sa yo ki t ap vann 13toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.” 14

Disip Li yo te sonje ke li te ekri 15“Zèl pou lakay Ou va devore M.” Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: 16“Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”

Jésus te reponn yo: 17“Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”

Jwif yo te reponn: “Li te pran 18karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”

Men Li t ap pale sou 19tanp kò Li a. Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè 20Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.

Alò, lè L te nan Jérusalem, nan 21Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.

Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske 22Li te konnen tout moun. Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, 23paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Jn 2:11
  2. Cross-reference Jn 1:40-49
  3. Cross-reference Jn 7:6-8
  4. Cross-reference Mat 12:46
  5. Cross-reference Mc 7:3
  6. Cross-reference Jn 4:46
  7. Cross-reference Mat 24:49
  8. Cross-reference Jn 1:14
  9. Cross-reference Mat 4:13
  10. Cross-reference Mat 12:46
  11. Cross-reference Det 16:1-6
  12. Cross-reference Mal 3:1
  13. Cross-reference Mat 21:12
  14. Cross-reference Jn 2:2
  15. Cross-reference Sòm 69:9
  16. Cross-reference Mat 12:38
  17. Cross-reference Mat 24:49
  18. Cross-reference Esd 5:16
  19. Cross-reference I Kor 6:19
  20. Cross-reference Sòm 16:10
  21. Cross-reference Jn 2:13
  22. Cross-reference Trav 1:24
  23. Cross-reference Mat 9:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.