Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Joël 2

Soufle twonpèt la nan Sion,

e sone alam nan sou mòn sen Mwen an!

Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble,

paske jou SENYÈ a ap vini.

Anverite, li vin pwòch.1

Yon jou fènwa ak pèdi espwa,

yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès.

Tankou solèy k ap leve sou mòn yo;

konsa gen yon gwo pèp pwisan.

Pa t janm gen yon bagay konsa,

ni p ap janm gen anyen ankò,

jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.2

Devan yo, se dife k ap devore,

e dèyè yo, se yon flanm k ap brile.

Peyi a vin 3tankou jaden Eden devan yo,

men yon savann 4dezole dèyè yo,

e nanpwen anyen ki chape. 5

Aparans yo se tankou aparans cheval la;

epi kon yon kavalye kouri cheval li,

se konsa yo kouri.

Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo,

se konsa yo sote;

tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay,

se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.6

Devan yo, pèp yo vin nan gwo 7soufrans.

Tout figi yo vin pal.

Yo kouri tankou mesye pwisan yo.

Yo monte mi tankou sòlda.

Konsa, yo 8mache byen ranje,

ni yo pa kite pa yo.

Youn pa jennen lòt.

Yo chak mache nan pa yo.

Lè y ap eklate travèse defans yo,

yo pa kase ran ranje a.

Yo kouri sou vil la.

Yo kouri sou miray la.

Yo antre nan 9kay yo; 10

nan fenèt yo antre kon vòlè.

Devan yo, tè a 11souke.

Syèl yo tranble. 12

Solèy la ak lalin nan vin tou nwa,

e zetwal yo vin pèdi briyans yo.

Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a.

Anverite, kan Li vin byen gran,

paske 13byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. 14

Anverite, jou SENYÈ a gran.

Li tèrib anpil!

Se kilès ki ka sipòte li?

“Koulye a menm”, deklare SENYÈ a, 15

“retounen kote Mwen ak tout kè nou;

avèk 16jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”

Konsa, 17rann kè nou, olye vètman nou.”

Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

paske Li 18plen gras ak mizerikòd,

lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

e konn ralanti nan fè malè.

Kilès ki ka konnen 19si Li p ap repanti kite sa a,

pou L kite dèyè Li yon benediksyon,

menm yon ofrann sereyal

ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.

Soufle yon twonpèt nan Sion! 20

Konsakre yon jèn.

Pwoklame yon asanble solanèl.

Rasanble moun yo. 21

Fè yon asanble ki sen.

Reyini ansyen yo.

Rasanble timoun ak sila pran tete yo.

Kite mesye marye a sòti nan chanm li,

e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.

Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo,

kriye antre galri a ak lotèl la,

kite yo di: 22“Epagne pèp Ou a, O SENYÈ!

Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch,

yon vye mò pami nasyon yo.

Poukisa nasyon yo ta dwe di: 23“Kote Bondye Yo a ye?”

Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,

e Li te 24fè mizerikòd a pèp Li a.

SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a:

“Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil.

Nou va vin satisfè nèt ak yo. 25

Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.

Men 26Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou,

Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole.

Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la;

pwent dèyè a, nan lanmè lwès la.

Konsa, sant pouriti li a va vin leve.

Movèz odè li va vin monte,

paske se gwo bagay li te konn fè.” 27

Pinga nou pè, O peyi a!

Rejwi e fè kè nou kontan,

paske SENYÈ a te fè gwo bagay.

Pa pè, nou menm bèt chan yo;

paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,

paske pyebwa a vin bay fwi li.

Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.28

Konsa, se pou nou fè kè kontan,

O fis a Sion yo!

Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;

paske Li te 29bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,

li te fè vide sou nou lapli,

premye ak 30dènye lapli a tankou avan an.

Glasi vannen yo va plen ak sereyal,

e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.31

Konsa, Mwen va restore bannou pou ane

ke 32 gwo krikèt te manje yo,

ak ti krikèt la ki kouri a tè a,

ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou,

gwo lame ke Mwen menm te

voye pami nou.

Nou va genyen anpil manje,

nou va vin satisfè,

e nou va fè lwanj non SENYÈ a,

Bondye nou a,

ki te 33aji ak mèvèy avèk nou.

Konsa, pèp Mwen an 34p ap janm vin desi ankò.

Konsa, nou va konnen ke

Mwen nan mitan Israël,

ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,

e ke pa gen okenn lòt;

epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.35

Li va vin rive apre sa,

ke Mwen va 36vide Lespri M sou tout 37chè.

Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

e granmoun nou yo va fè vizyon yo.

Menm sou sèvitè ak sèvant yo,

mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.

Mwen va 38montre mèvèy yo

nan syèl la ak sou tè a:

san, dife, ak gwo kolòn lafimen.

Solèy la va vin tou nwa,

e lalin nan tankou san

devan gwo jou tèrib SENYÈ a.39

Epi li va vin rive ke 40nenpòt moun

ki rele non SENYÈ a, li va delivre;

paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,

va gen sila ki chape yo,

jan SENYÈ a te di a,

menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.

Source notes (40)
  1. Cross-reference Jl 1:15
  2. Cross-reference Jl 2:10,31; Lam 1:12
  3. Cross-reference És 51:3
  4. Cross-reference Egz 10:5,15
  5. Cross-reference Rev 9:7
  6. Cross-reference Rev 9:9
  7. Cross-reference És 13:8
  8. Cross-reference Pwov 30:27
  9. Cross-reference Egz 10:6
  10. Cross-reference Jr 9:21
  11. Cross-reference Sòm 18:7
  12. Cross-reference És 13:10
  13. Cross-reference Jr 50:34
  14. Cross-reference Jl 1:15
  15. Cross-reference Det 4:29
  16. Cross-reference Dan 9:3
  17. Cross-reference Sòm 34:18
  18. Cross-reference Egz 34:6
  19. Cross-reference Jr 26:3
  20. Cross-reference Jl 1:14
  21. Cross-reference I Sam 16:5
  22. Cross-reference Egz 32:11,12
  23. Cross-reference Sòm 42:10
  24. Cross-reference És 60:10
  25. Cross-reference Éz 34:29
  26. Cross-reference Jr 1:14,15
  27. Cross-reference És 54:4
  28. Cross-reference Sòm 65:12,13
  29. Cross-reference Det 11:14
  30. Cross-reference Lev 26:4
  31. Cross-reference Lev 26:10
  32. Cross-reference Jl 1:4-7
  33. Cross-reference Sòm 126:2,3
  34. Cross-reference És 45:17
  35. Cross-reference Lev 26:11,12; És 45:5,6
  36. Cross-reference És 32:15
  37. Cross-reference És 40:5
  38. Cross-reference Mat 24:29
  39. Cross-reference És 13:10
  40. Cross-reference Jr 33:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.