Bib Sen An
Egzòd 13
Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “1Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.”
Moïse te di a pèp la: 2“Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje. Nan jou sa a, nan 3mwa Abib la, nou prepare pou nou soti. Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebizyen yo, peyi ke Li te 4sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, 5pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a.
“Pandan 6sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a. “Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi 7anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo. 8Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’ Epi 9sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte. Pou sa nou va 10kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a.
“Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan 11Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li, 12ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye. Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi 13chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson.
“Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: 14‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke 15SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’ Alò 16li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”
Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “17Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.”
Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte 18byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la.
Moïse te pran 19zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.”
Alò yo te pati depi 20Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a.
SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit. Li 21pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la.
Source notes (21)
- Cross-reference Egz 13:12,13,15
- Cross-reference Egz 12:42
- Cross-reference Egz 12:2
- Cross-reference Egz 6:8
- Cross-reference Egz 12:25
- Cross-reference Egz 12:15-20
- Cross-reference Egz 12:19
- Cross-reference Egz 12:14
- Cross-reference Egz 12:14
- Cross-reference Egz 12:24,25
- Cross-reference Jen 15:18
- Cross-reference Egz 13:1,2
- Cross-reference Nonb 3:46
- Cross-reference Egz 13:3,9
- Cross-reference Egz 12:29
- Cross-reference Egz 13:9
- Cross-reference Egz 14:11,12
- Cross-reference Jos 1:14
- Cross-reference Jen 50:24,25
- Cross-reference Egz 12:37
- Cross-reference Né 9:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.