Bib Sen An
II Samuel 4
Alò, lè Isch-Boscheth, fis a Saül la, te tande ke 1Abner te mouri Hébron, 2li te pèdi kouraj e tout Israël te twouble. Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin. 3 Tout Beyewotyen yo te sove ale pou rive 4Guitthaïm e te rete la kòm etranje jis rive jodi a).
Alò, 5Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.
Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay 6Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a. Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e 7yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale. Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te 8vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan. Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, 9fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.”
David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, 10ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo, 11lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la. Alò, konbyen anplis, lè moun mechan yo vin touye yon nonm ladwati nan pwòp kay li sou kabann li! Èske se pa ke m ta oblije mande san li nan men nou e rache nou sou fas tè a?” Alò, 12David te pase lòd sou jennonm yo. Yo te touye yo, yo te koupe men yo avèk pye yo, e te pann yo akote sous Hébron an. Men yo te pran tèt a Isch Boscheth 13 e yo te antere li nan tonm Abner a nan Hébron.
Source notes (13)
- Cross-reference II Sam 3:27
- Cross-reference Esd 4:4
- Cross-reference Jos 9:17; Jos 18:25
- Cross-reference Né 11:33
- Cross-reference II Sam 9:3-6
- Cross-reference II Sam 2:8
- Cross-reference II Sam 2:23
- Cross-reference II Sam 2:29
- Cross-reference I Sam 24:4
- Cross-reference I Wa 1:29
- Cross-reference II Sam 1:2-15
- Cross-reference II Sam 1:15
- Cross-reference II Sam 3:32
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.