Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Wa Yo 21

1

Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, 2selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo. Paske 3li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi 4li te monte lotèl pou Baal yo, e li te fè yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te fè pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo. 5Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: “Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen.” Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan 6de lakou lakay SENYÈ a. 7Li te fè fis li yo pase nan dife, 8 pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. Anplis, 9li te plase imaj a Astarté ke li te fè a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: “Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. Epi mwen 10p ap fè pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou fè selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo.” Men yo pa t koute e Manassé te 11sedwi yo pou fè mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.

Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di: “Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te 12fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te 13fè Juda peche avèk zidòl pa li yo; pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman. 14Mwen va fè lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba. Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo, akoz yo te fè mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a.’” 15

Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a. 16

Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te fè ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 17Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li. 18

Amon te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba. Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, 19jan Manassé, papa li te konn fè a. Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo. Konsa, 20li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a. 21Sèvitè a Amon yo te fè konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li. Alò, 22pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li. Alò, tout lòt zèv ke Amon te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? Li te antere nan tonm pa li 23nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.

Source notes (23)
  1. Cross-reference II Kwo 33:1-9
  2. Cross-reference II Wa 16:3
  3. Cross-reference II Wa 18:4
  4. Cross-reference I Wa 16:31-33
  5. Cross-reference II Wa 16:10-16
  6. Cross-reference I Wa 7:12
  7. Cross-reference II Wa 16:3
  8. Cross-reference Lev 19:26-31
  9. Cross-reference Det 16:21
  10. Cross-reference II Sam 7:10
  11. Cross-reference Pwov 29:12
  12. Cross-reference Jen 15:16
  13. Cross-reference II Wa 21:16
  14. Cross-reference És 34:11
  15. Cross-reference II Wa 24:4
  16. Cross-reference II Kwo 33:11-19
  17. Cross-reference II Kwo 33:20
  18. Cross-reference II Kwo 33:21-23
  19. Cross-reference II Wa 21:2-16
  20. Cross-reference II Wa 22:17
  21. Cross-reference II Wa 12:20
  22. Cross-reference II Wa 14:5
  23. Cross-reference II Wa 21:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.