Bib Sen An
II Kwonik Yo 3
Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare 2sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an. Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a. Alò, sila yo se fondasyon ke 3Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude. Galri ki te devan kay la te 4menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi. Li te kouvri 5gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn. Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm. Anplis, 6li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te 7grave cheriben yo sou mi yo.
Alò, li te fè 8chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò. Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri 9chanm anlè yo avèk lò.
Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò. Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an. Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an. Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan. Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li.
Anplis, li te fè 10de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude. Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo. 11Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.
Source notes (11)
- Cross-reference I Wa 6:1
- Cross-reference I Kwo 21:8
- Cross-reference I Wa 6:2
- Cross-reference I Wa 6:3
- Cross-reference I Wa 6:17
- Cross-reference I Wa 6:20-22
- Cross-reference I Wa 6:29-35
- Cross-reference Egz 26:33
- Cross-reference I Kwo 28:11
- Cross-reference I Wa 7:15-20
- Cross-reference I Wa 7:21
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.