Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Kwonik Yo 24

1

Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba. 2Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la. Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi.

Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou 3restore lakay SENYÈ a. Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout 4Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès. Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem 5taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?” Paske 6fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.

Konsa, wa a te pase lòd e 7yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a. 8Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la. Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l. Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè 9yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan. Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a. Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li. Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.

Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri. Yo te antere li 10lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.

Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo. Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te 11sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, 12lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a. Malgre sa, 13Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo. 14

Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ a, e akoz sa nou pa reyisi? 15Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”

Pou sa, 16yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a. Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, 17men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”

Alò, li te vin rive nan fen ane ke 18lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la. Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men 19SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas. 20

Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blese), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo. Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la. Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan 21istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li.

Source notes (21)
  1. Cross-reference II Wa 11:21
  2. Cross-reference II Kwo 26:4-5
  3. Cross-reference II Kwo 24:7
  4. Cross-reference II Kwo 21:2
  5. Cross-reference Egz 30:12-16
  6. Cross-reference II Kwo 21:17
  7. Cross-reference II Wa 12:9
  8. Cross-reference II Kwo 36:22
  9. Cross-reference II Wa 12:10
  10. Cross-reference II Kwo 21:20
  11. Cross-reference Egz 34:12-14
  12. Cross-reference Jos 22:20
  13. Cross-reference Jr 7:25
  14. Cross-reference II Kwo 20:14
  15. Cross-reference II Kwo 15:2
  16. Cross-reference Né 9:26
  17. Cross-reference Jen 9:5
  18. Cross-reference II Wa 12:17
  19. Cross-reference II Kwo 16:7-8
  20. Cross-reference II Wa 12:20-21
  21. Cross-reference II Kwo 13:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.