Bib Sen An
II Kwonik Yo 21
Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li. Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa 2Israël la. Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, 3 avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne. Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te 4touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou. 5Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem. 6Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (7paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e 8akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.
Pandan jou li yo, 9Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo. Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo. Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.
Anplis, 10li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan 11jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout. Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz 12 ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a, men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, 13jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou. Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè. 14Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”
SENYÈ a te 15boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo. Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof 16Joachaz, pi piti nan fis li yo.
Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li 17nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri. Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou 18dife yo te fè pou papa zansèt li yo. Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te 19san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, 20men pa nan tonm a wa yo.
Source notes (20)
- Cross-reference I Wa 22:50
- Cross-reference II Kwo 12:6
- Cross-reference II Kwo 11:5
- Cross-reference Jen 4:8
- Cross-reference II Wa 8:17-22
- Cross-reference I Wa 12:28-30
- Cross-reference II Kwo 18:1
- Cross-reference II Sam 7:12-17
- Cross-reference II Kwo 20:22-23
- Cross-reference I Wa 11:7
- Cross-reference Lev 20:5
- Cross-reference II Kwo 17:3-4
- Cross-reference I Wa 16:31-33
- Cross-reference II Kwo 21:18-19
- Cross-reference II Kwo 17:11
- Cross-reference II Kwo 25:23
- Cross-reference II Kwo 21:15
- Cross-reference II Kwo 16:14
- Cross-reference Jr 22:18-28
- Cross-reference II Kwo 24:25
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.