Bib Sen An
II Kwonik Yo 1
Alò 1Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
Salomon te pale a tout Israël, 2a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo. Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan 3wo plas ki te Gabaon an; paske 4tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la. Sepandan, David te gen tan mennen fè monte 5lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem. Alò, 6lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li. Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te 7ofri yon mil ofrann brile sou li. 8
Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.”
Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou 9te fè m wa nan plas li. Koulye a, O SENYÈ Bondye, 10Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè. 11Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?” 12
Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a, sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi 13Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.” 14
Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël. 15
Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem. 16Wa a te fè 17ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan. 18Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue. Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo.
Source notes (18)
- Cross-reference I Wa 2:12-46
- Cross-reference I Kwo 28:1
- Cross-reference I Wa 3:4
- Cross-reference Egz 36:8
- Cross-reference I Kwo 15:25-28
- Cross-reference Egz 31:9
- Cross-reference I Wa 3:4
- Cross-reference I Wa 3:5-14
- Cross-reference I Kwo 28:5
- Cross-reference II Sam 7:12-16
- Cross-reference I Wa 3:9
- Cross-reference I Wa 3:11
- Cross-reference I Kwo 29:25
- Cross-reference II Kwo 1:3
- Cross-reference I Wa 10:26-29
- Cross-reference I Wa 10:27
- Cross-reference Det 17:17
- Cross-reference Det 17:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.