Bib Sen An
I Samuel 21
Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te 1parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?” David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: 2‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’ Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk mòso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”
Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te 3kenbe tèt yo lwen fanm.”
David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. 4Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?” Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke 5pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.
Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te 6Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.
David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”
Alò, prèt la te di: 7“Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye 8nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.”
Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”
Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè 9Akisch, wa a Gath la. Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? 10Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di:
‘Saül te touye dè milye pa li e
David dè di-milye pa li?’”
David te 11swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil. Konsa, li te 12kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li. Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen? Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”
Source notes (12)
- Cross-reference I Sam 16:4
- Cross-reference Sòm 141:3
- Cross-reference Egz 19:15
- Cross-reference I Tes 4:4
- Cross-reference Lev 24:5-9
- Cross-reference I Sam 14:47
- Cross-reference I Sam 17:51-54
- Cross-reference I Sam 17:2
- Cross-reference Sòm 34
- Cross-reference I Sam 18:7
- Cross-reference Luc 2:19
- Cross-reference Sòm 34
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.